Be My Date


Pafwa m'rete m'pantan,
Mwen tanmen sonje lontan,
Lè mwen te toupiti,
Jan lanmou te kon'n fleri.
Bèl 'Je t'aime' nan tout fenèt,
Tout bon flannè te powèt.
Renmen se te yon pasyon,
Nèg te guen konpasyon.
Kouniè ya lè n'ap gade,
Tout bagay sa yo chanje.
Tan ale, tan pa tounen,
Renmen pase nan tenten.
Lanmou pa guen la rezon,
Poch boure pran desizyon.
Tou patou kote'w pase,
Se yon kesyon de 'date' kap pale.
Hey! Do you wanna be my date?
I got money, got no roommate.
C'mon don't you make me wait,
Don't let it be too late.
Be my date...

                                                                                                                        Evings Pierre





               
Please forward all correspondence regarding this page to epierre@uhhp.com
Copyright © 1996-2002, All Rights Reserved.
Page designed by: Evings Pierre