
Sa Pou Nou Fè
"Sa ou fè se li ou wè," pa fè sans pou ayisyen;
Malgre'n pa fè moun mal, se nou men'm kap soufri.
Lanfè bò lakay fin'n flanbe tout vye pwochen.
Hmmh!! nou tout dwe al nan syèl si labib pa manti.
Vye pòv san avni ap chache chimen simityè,
Lespwa lavi miyò redwi chak maten.
Lespri nèg eklere gaspiye nan pousiè,
Bon filozòf san pratik fin'n pa bay leguen.
Mouch ak timoun tou touni ap fè laguè,
Son kriye yen-yen rampli koridò ma dlo.
Zo lafanmi malswen ap plenyen pou lachè,
Karavan'n ap pase, vye chyen mèg pran poto.
Papa bondye di'n sa pou nou fè,
Soufrans pitit ou trò anmè.
Ou men'm ki te voye nou sou latè,
Pa lage'n nan men lese yo fè.
Nou san manje, nou san valè,
Vi'n retire nou nan mizè.
Vi'n ban'n lavi avèk la pè,
Ba nou limiè pou'n sa wè klè.
Vwa machan'n boutèy sèvi revèy maten;
Bèl solèy dèyè mòn vi'n di bonjou mizè.
Jounen trennen byen long, dife bliye limen;
Ti trip ak tout gwo trip pran vire lanvè.
Kanson nèg konsian fi'n klere chèz Nasyonzini,
Men malgre sa, anyen pa jan'm fi'n klè.
Boulpik nou fè mò rèd nan ron'n Etazini,
Yo mize kon't lamizè yo fini nan lanmè.
Poutan nou pat jan'm mande yo anpil,
Jis ti lavi ak respè ke nou merite.
Men lèzòt di nou se yon bèt ki frajil,
Sida ak povrete se sèl sa nou pote.
Papa bondye men kote ou ye,
Ti kè pitit ou ap fan'n ande.
Ou men'm ki gen bon kè, ki gen pitie,
Pa kite'n peri nan povrete.
Nou san kouraj nou fatige,
Lonje'n lamen pou'n sa kimbe.
Wout nou chaje pikan, se vre,
Men'n guen konfians ou ka fè'n rive.
                   
                   
                   
                   
                   
                   
Evings Pierre


               

Please forward all correspondence regarding this page to
epierre@uhhp.com
Copyright © 1996-2002,
All Rights Reserved.
Page designed by: Evings Pierre