Fo Paradi


Yo toujou te kon'n di
Lòt bò dlo se youn paradi,
Epoutan nanpwen plezi,
Lavi youn non'm sanse fini.
M'pa wè lanmè frape,
M'pa wè gele,
Pa gen pran bon jan van,
Relax kay gro manman.
Yo toujou te kon'n di
Lòt bò dlo se youn paradi,
Men sepandan mezanmi,
Pròp zentray se lenmi.
M'pa wè voazinaj,
M'pa wè lantouraj,
Nanpwen troke manje,
Pou zòt sa soulaje.

Yo toujou te kon'n di
Lòt bò dlo se youn paradi,
Alò se ou byen'm pèdi,
Ou byen'm trompe'm de peyi.
M'pa wè pen mayi,
M'pa wè piwili,
Nanpwen pistache griye,
Ni chanye pon klere soulie.
Yo toujou te kon'n di
Lòt bò dlo se youn paradi,
Mwen di tout se manti,
Se kè rache ak bon fredi.
M'pa wè madigra,
M'pa wè rara,
Nanpwen lago kache,
Dèyè pie kokoye.

Kay Tonton Sam gen travay,
Men Kay Tonton Sam pa lakay.
Pafwa m'rete m'fremi,
Lè'm sonje peyi d'ayiti.
Dlo koule, dlo koule,
Dlo koule san rete.
Kè'm boude, kè'm boude,
Kè'm près pou'l fan'n an de.
Van nostalji lakay
Ap fè'm pase youn tray.
Hmmh! Ayayayayay
Mwen vle tounen lakay.
Lòt bò dlo se trompè,
Lamize pran lot koulè,
Bon kretyen pèdi lonè,
Valè derespè pran chè.

                                                                                                                        Evings Pierre





               
Please forward all correspondence regarding this page to epierre@uhhp.com
Copyright © 1996-2002, All Rights Reserved.
Page designed by: Evings Pierre