
Pouki
Li aprè midi, solèy pral kouche,
M'chita sèl bò sous la map Kriye.
M'pa ka Konpran'n pouki je'm tou pa tou,
Men'm jan ak lè'm te kon'n ap tan'n ou.
Sonje se la nou te kon'n gen randevou,
Pou sa ki jouda pa pale zafè nou.
Wi, se la nou te kon'n fè ti lanmou,
Bèl ti jwèt griyen dan tankou moun fou.
Mwen te konnen ou gen pou vwayaje,
Men'm pat jan'm panse jou sa'a ta rive.
Kounyè ya ou ale, kè'm près pou fan'n an de,
E jou kou nan nwit, se a ou map panse.
Rêv nou, se te kenbe jiska la fen.
Alò absans ou pou mwen, pa chanje anyen.
Cependan, tout tan map priye Bondye,
Pou ou pa pase anba pye sabliye.
Ooh Bondye! Pouki gen separasyon?
Wi, pouki gen tribilasyon?
Chak ti briz ki soufle,
Se ti souf li m'ta vle tande.
Ooh Bondye! pouki la soufrans?
Wi, pouki youn tel nwizans?
Lè zwazo yo pran chante,
Se vwa li m'ta vle tande.
Ooh Bondye! pouki misèrere?
Wi, pouki gen têt chaje?
Tanpri, ban'm fòs pou'm sa kenbe,
Fè'm jwen'n youn solisyon souple.
                   
                   
                   
                   
                   
                   
Evings Pierre


               

Please forward all correspondence regarding this page to
epierre@uhhp.com
Copyright © 1996-2002,
All Rights Reserved.
Page designed by: Evings Pierre