
Fouyapòt Ak Sida
Nan fouye zo nan kalalou,
Fè rechèch sou la vi nou,
Yon ban'n save ayèreswa,
Tal akouche nan youn laboratwa.
Fouyapòt ak kè sou biskèt,
Pat ka tan'n pitit la fèt.
Men inkredilite te met lòt chita,
Biochimi kon'n bay kout ba.
Fouyapòt yo te ret bèkèkè,
Lè yo te wè sa yo te fè.
Youn bèt nwè yo rele sida,
Te fèt san manman, san papa.
Sida se youn lanmò prese,
Pou tout pèp anba syèl ble.
Li pa kon'n ni byen, ni mizè,
Ni po blan, ni koulè nwè.
An Azi, an Amerik,
An Oseani, kou an Afrik,
An Ewòp, nan tout rakwen,
Simityè fin'n pa bay leguen.
Fouyapòt ak pye mele,
Met sa sou do malere.
Yo bal batistè Ayisyen,
Di'l se fiyòl makak Afriken.
Fouyapòt
Ki lè ou va chanje
Fouyapòt
Sispan'n fè dlo koule nan je
Fouyapòt
Sispan'n plimen do malere
Fouyapòt
Sida se pitit pa'w li ye
                   
                   
                   
                   
                   
                   
Evings Pierre


               

Please forward all correspondence regarding this page to
epierre@uhhp.com
Copyright © 1996-2002,
All Rights Reserved.
Page designed by: Evings Pierre