
Tijean
Koq chante, Tijean pantan.
Kay san manje, poch san lajan.
Adie, Tijean pran nan twa wa.
Men depi gen lavi, genyen lespwa.
Tizan'j vant vid kriye san rete,
Ayièreswa pat gen soupe.
Potete madan'm fin'n deseche,
Pa gen pa gran'n pou yo souse.
Men'm lè sièl la plen ak niaj,
Tonè pran gronde ak raj,
Tijean pati gran'm timaten,
La'l bouske yon pen kotidyen.
Gwo chabrak, ak magouyè,
Sou volan, ap voye pousiè.
Sa je pa wè, kè pa tounen.
Yo pa wè Tijean nan bezwen.
Tijean se yon gason vanyan,
Kap malmennen depi lontan.
Li se viktim yon sosyete
San pitie, e san charite.
Lamisè vle sèvi'l yon batwèl,
Men kanson'l pa pou bèl twèl.
Li vle batay jouk li mouri,
Paske'l se sèl lespwa la fanmi.
                   
                   
                   
                   
                   
                   
Evings Pierre


               

Please forward all correspondence regarding this page to
epierre@uhhp.com
Copyright © 1996-2002,
All Rights Reserved.
Page designed by: Evings Pierre